Accéder au contenu principal

Kanpe pou w goumen



Dèfwa, ou konn rive nan yon sitiyasyon kote ou vle abandone tout bagay, ou pa wè okenn avni, li parèt tou nwa devan w. Ou santi ou prèske krake, ou pa kapab ankò! Kisa wap fè nan ka sa? Wap abandone? Wap kite lavi a bouskile w adwat agòch?

Anpil moun tap chwazi abandone paske se li ki parèt pi fasil pou yo. Men èske se li ki meyè chwa??

Imajine ou tap chèche yon trezò ki kache anba tè. Ou konn nan ki jaden trezò a ye: jaden spò (foutbòl, baskètbòl, ...), jaden mizik, jaden biznis, elatriye.. 

Ou pran pikwa ou ak pèl ou, w'ale nan jaden an epi ou kòmanse fouye yon twou. Pandan wap fouye twou a, ou al tonbe sou yon mas wòch! Ou reyalize ke ou pa sou bon plasman, w'al fouye twou a yon lòt kote. E sa w tande a, sa repete plizyè fwa, peut-être des dizaines de fois, voire des centaines !! Chak fwa sa yo, ou rekòmanse. 

Vin rive yon lè, ou santi w pa kapab ankò, ou vle dekouraje, wap di trezò sa pat pou ou. Ou bay tout bagay vag! Petèt ke ou te tou pre trezò a lè ou chwazi abandone a! Petèt se nan dènye twou sa ou ta pral jwenn trezò a. 

Pran yon ti poz, gade tout pakou ou fè deja, èske wap abandone pandan ke w konnen ke trezò a twouve l nan espas ou poko fouye twou yo? 
Fè yon ti rechèch sou biyografi yon moun ki te jwenn yon trezò nan jaden ou ye a deja, si w nan jaden spò, fè rechèch sou yon moun tankou Cristiano Ronaldo, Messi, Michael Jordan, ak anpil lòt ankò! Nan nenpòt jaden ou ye a, wap jwenn moun ki te pase ladan'l deja e ki jwenn trezò pa yo a. E wap wè ke 99% nan moun sa yo te travay anpil anvan yo rive atenn objektif yo.  Si yo te abandone nan wout, yo pa tap janm rive jwenn trezò a! Poukisa ou menm ou anvi abandone? Ou pa bezwen trezò ou tap chèche a ankò??

Pèsòn pat janm di w ke wout la tap fasil, wap jwenn desepsyon, wap fè anpil sakrifis, wap pran echèk anvan w rive atenn objektif ou. Anpil fwa, lè yon moun reyisi, se sèl evènman final la nou wè, nou pa janm wè tout sakrifis li fè pou l rive kote l rive a.  Si wout la te fasil, tout moun ta pral chèche trezò pa yo. Kenbe objektif ou klè nan tèt ou, kontinye fouye, travay. Itilize entelijans ou pou w avanse. 

Pa kite obstak wap rankontre sou wout ou fè w dekouraje. Pa bliye se lè li pral jou li fè plis nwa! Chak jou w leve, kontinye travay sou rèv ou, vizyalize objektif ou. Anpil fwa nou abandone, se paske nou pèdi objektif nou de vi. Se nan vizyalize rèv ou wap jwenn fòs ak kouraj pou w avanse. Itilize youn nan pi gwo atou ou genyen ki se entelijans ou pou w simonte obstak wap kwaze sou wout ou. E a la fen, m baw garanti wap jwenn rekonpans ou!!!💎

Kanpe pou w goumen chanpyon!!!

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Bienvenue sur mon blog

Bonjour et bienvenue sur mon blog personnel.   Je m'appelle Stanley Despeignes. Je suis un étudiant en médecine au campus Henry Christophe de l'Université d'État d'Haïti à Limonade. Je suis également un blogueur. Je possède plusieurs blogs traitant des sujets variés. Je suis originaire de Plaisance, une petite ville située au nord d'Haïti.  J'ai créé ce blog afin de partager une partie de ma vie avec vous, pour vous faire part de mes passions, mes expériences, etc... J'espère que mes articles vous plairont.  À bientôt pour un nouvel article.