Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du décembre, 2020

Kanpe pou w goumen

Dèfwa, ou konn rive nan yon sitiyasyon kote ou vle abandone tout bagay, ou pa wè okenn avni, li parèt tou nwa devan w. Ou santi ou prèske krake, ou pa kapab ankò! Kisa wap fè nan ka sa? Wap abandone? Wap kite lavi a bouskile w adwat agòch? Anpil moun tap chwazi abandone paske se li ki parèt pi fasil pou yo. Men èske se li ki meyè chwa?? Imajine ou tap chèche yon trezò ki kache anba tè. Ou konn nan ki jaden trezò a ye: jaden spò (foutbòl, baskètbòl, ...), jaden mizik, jaden biznis, elatriye..  Ou pran pikwa ou ak pèl ou, w'ale nan jaden an epi ou kòmanse fouye yon twou. Pandan wap fouye twou a, ou al tonbe sou yon mas wòch! Ou reyalize ke ou pa sou bon plasman, w'al fouye twou a yon lòt kote. E sa w tande a, sa repete plizyè fwa, peut-être des dizaines de fois, voire des centaines !! Chak fwa sa yo, ou rekòmanse.  Vin rive yon lè, ou santi w pa kapab ankò, ou vle dekouraje, wap di trezò sa pat pou ou. Ou bay tout bagay vag! Petèt ke ou te tou pre trezò a lè ou chwaz...